Aktive Kont Bousdetid NYC (NYC Scholarship Account) Pitit Ou a

Tout elèv ki enskri nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite (Save for College Program) NYC Kids RISE la otomatikman resevwa yon Kont Bousdetid NYC avèk yon premye $100 ke NYC Kids RISE depoze sou li, sof si fanmi yo chwazi pa patisipe. Aktive ak afiche Kont Bousdetid NYC pitit ou a anba a pou resevwa $25 anplis pou kont li an!

Pou jwenn plis enfòmasyon

Kisa mwen bezwen pou m aktive kont pitit mwen an?

  • Nimewo Idantifikasyon Elèv nèf chif pitit ou a (nimewo OSIS). Sa a se nimewo w te itilize pou aktive Kont Lekòl NYC (NYC Schools Account) pitit ou a. Si w pa genyen li, ou kapab jwenn nimewo sa a lè w konekte w sou Kont Lekòl NYC pitit ou a nan at mystudent.nyc, sou kanè pitit ou a, oswa lè w mande Kowòdonatè Paran pitit ou a oswa lekòl la.
  • Kòd postal lakay pitit ou a
  • Dat nesans pitit ou a
  • Adrès imèl ou

Si w pa kapab aktive kont pitit ou a, verifye pou asire w ke enfòmasyon w te antre yo egzat. Si w gen difikilte toujou, tanpri, kontakte lekòl pitit ou a pou konfime ke pitit ou a enskri nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a.

Kilè mwen kapab aktive kont pitit mwen an?

  • Tout fanmi ki gen timoun nan jadendanfan, klas premye ak dezyèm ane yo ki nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a kapab aktyèlman aktive epi afiche Kont Bousdetid NYC pitit yo.
  • Elèv ki nan jadendanfan jiska klas senkyèm ane yo nan 39 lekòl pilòt yo nan rejyon jeyografik Distri 30 lan kapab aktive epi afiche Kont Bousdetid NYC pitit yo.
  • Gade si pitit ou a ka patisipe nan Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a la a.

Èske w gen kesyon?

  • Vizite www.nyckidsrise.org pou jwenn enfòmasyon ak resous ki disponib nan plizyè lang
  • Rele liy asistans NYC Kids RISE la: 833-543-7473
  • Voye yon imèl bay info@nyckidsrise.org
  • Enskri pou yon atelye vityèl Pwogram Ekonomize pou Inivèsite a

Lekòl Piblik NYC yo oswa Vil New York pa andose, kontwole, posede ni jere sitwèb sa a.